Creole Rules of Competition
RÈG KONPETISYON
New York Road Runners (“NYRR”) òganize epi dirije evènman li yo ak règ ak règleman USA Track & Field (“USATF”) yo. Moun k ap antre ladann yo dwe konfòme ak tou lwa vil, eta ak lwa federal ki aplikab (sa enkli règ ak règleman City of New York Parks & Recreation yo).
Sekirite
Responsab Evènman yo: Tout patisipan yo dwe suiv enstriksyon moun ki responsab evènman yo, sa gen ladan l staf avèk/oswa volontè NYRR yo. Patisipan yo dwe sòti nan kous la imedyatman lè responsab evènman yo, staf medikal oswa nenpòt otorite gouvènmantal, ansanm avèk ponpye ak lapolis, mande yo pou yo fè sa.
Lespri Spòtif: Nenpòt patisipan ki konpòte l yon fason ki pa montre lespri spòtif oswa ki manifeste yon konpòtman oswa langaj ofansif anvè moun ki responsab evènman yo, staf NYRR la, epi/oswa anvè volontè yo ka diskalifye. Bay fo enfòmasyon oswa enfòmasyon ki twonpè lè w ap aplike pou yon evènman enkli nan konpòtman ki pa montre lespri spòtif yo, men se pa sèl li.
Antre Patisipan yo ak Nimewo Kous (Bib)
Aplikasyon pou Evènman an: tout patisipan yo dwe bay enfòmasyon ki presi, ki gen ladan l laj, sèks, ak kontak ijans, lè yo ap konplete aplikasyon pou evènman an. Yon patisipan pa ka chanje oswa ajoute asosyasyon ak yon gwoup apre evènman an fin kòmanse. Ou ka jwenn règ ki gouvène ekip klèb yo sou paj wèb NYRR la: https://www.nyrr.org/charities-clubs-and-community/local-clubs/guidelines-for-clubs.
Nimewo kous/Bib: Bib patisipan ofisyèl ou a ki montre nimewo kous ou a dwe toujou konplètman vizib epi se pou w pote l devan tòs ou sou rad ki pi a leskteryè ou genyen sou ou a. Aparèy kwonometraj la (B-Tag) kole dèyè bib ou a. Pou asire yon tan presi pa pliye oswa chifonnen bib la oswa kouvri l ak yon djakèt, sentiwon pou kouri, boutèy dlo oswa nenpòt lòt bagay. Patisipan ki fè kous la san bib yo pa byen kole epi afiche, ka pa gen lè yo fini a epi sa ka separe tan ki anrejistre yo, yo ka pa parèt nan lis rezilta a epi/oswa yo ka pa resevwa rekonesans paske yo te fini kous la. Si ou pèdi bib ou a pandan kous la, tanpri di yon moun ki responsab evènman an sa imedyatman apre kous la. Yo ka ba ou rekonesan pou kous la apre yo fin verifye ke tan ou te kòmanse a te anrejistre epi ou te fini kous la.
Okenn Transfè pa Otorize: NYRR bay chak patisipan nimewo kous ak bib patisipan ofisyèl yo e ou pa ka transfere, repwodui, kopye oswa modifye yo nan okenn ka. Ou pa ka: 1) bay oswa vann nimewo oswa etikèt ou a bay yon lòt moun; 2) resevwa oswa achte yon nimewo oswa etikèt nan men yon lòt moun; 3) modifye, fè kopi oswa lòt repwodiksyon nimewo oswa bib ou a pou okenn rezon (oswa otorize yon lòt moun pou l fè sa); epi/oswa 4) patisipe ak yon nimewo kous oswa bib ki pa ofisyèl (pa egzanp, yon nimewo oswa bib NYRR pat ba ou). Li entèdi pou w eseye fè nenpòt nan bagay sa yo tou e si yo jwenn nenpòt moun ki pap respekte règ sa yo y ap ba l penalite, tankou diskalifikasyon ak entèdiksyon pou patisipe nan pwochen evènman NYRR yo, men se pa sèlman sa.
Kòmansman An
GwoupGwoup Kòmansman yo: Patisipan yo responsab pou yo rive nan gwoup kòmansman yo te mete yo a, dapre pi bon vitès yo, epi antre nan pwen dantre gwoup yo deziyen yo anvan lè yo fèmen gwoup yo. Moun k ap kouri yo ka deplase nan yon gwoup ki pi lan men yo ka pa deplase nan yon gwoup ki pi rapid. Yo ka diskalifye nenpòt patisipan ki monte sou yon barikad oswa ki pa antre korèkteman. Pou sekirite patisipan yo, lè antre gwoup la fin fèmen, patisipan ki rive an reta dwe ale nan dènye gwoup la. NYRR rezève dwa pou li mete restriksyon pou moun pa kòmanse an reta pou rezon sekirite. Tanpri suiv enstriksyon moun ki responsab evènman yo lè w ap antre nan gwoup yo. Si yo wè nenpòt moun k ap pipi oswa poupou nan yon gwoup yo ka diskalifye epi/oswa entèdi yo ale nan evènman NYRR yo.
Kòmansma Kous la: Kous la ap kòmanse ak lè kònèt la sof si yo ta di yon lòt bagay. Tout patisipan yo dwe dèyè liy kòmansman kous la epi yo dwe suiv enstriksyon moun k ap kòmanse kous la. Si kous la gen yo kòmansman ki kòmanse a diferan moman, yap ouvri gwoup yo a yon entèval regilye, kote gwoup A a ap kòmanse ak premye kònèt kòmansman an, epi apre ap gen yon kònèt kòmansman pou chak kòmansman apre premye a.
Tan
Tan Ofisyèl: Lè ou fini ofisyèl (nè) la anrejistre nan sistèm tan an depi moman ou franchi liy kòmansman an jiskaske ou franchi liy arive a. Tan sa a detèmine lòd moun ki genyen yo pa rapò ak arive a ak gwoup laj la – sof pri pou moun ki rive pi anvan an, ke yo detèmine ak lè zam nan (tan depi kònèt kòmansman an jiskaske moun k ap kouri a franchi liy arive a). Y’ap retire tapi kwonometraj kòmansman an apre dènye gwoup la kòmanse kous la, a mwens ke gwosè teren an jistifye kite kòmansman an ouvri pou plis tan. Aprè kòmansman an fèmen, tan nè yo pap anrejistre epi tan yo ap kalkile apati lè kònèt kòmansman an. Si yon moun k ap kouri kòmanse kouri apre yo fin retire tapi kwonometraj yo, yo pap ajoute plis tan kòmansman.
Pakou A
Makaj Pakou a: evènman NYRR yo (eksepte kous timoun yo) fèt sou pakou ki sètifye pa USATF. Patisipan yo dwe toujou rete nan limit pakou a. Pakou a jeneralman make ak baryè, kònèt sikilasyon, delimitasyon, ak/oswa lòt makaj. Patisipan yo dwe rekonèt epi konprann siyalizasyon evènman an ak senbòl ki gen rapò ak pakou a, direksyon yo, ak enstalasyon yo epi yo dwe suiv enstriksyon marechal ak moun ki responsab evènman yo. Si ou pa fè sa, yo ka diskalifye w.
Fini Kous la: Si ou pa konplete tout pakou a, ou ap diskalifye. Y’ap tcheke e yo ka diskalifye patisipan ki gen tan ki manke oswa ki separe lè yo rive nan pwen revizyon tan yo. Si ou gen pou ou sòti nan pakou a, retounen ladann nan pwen kote ou te sòti a sèlman. Yo pap pèmèt okenn patisipan ki sòti nan pakou a pou yo retounen nan kous la pou yo genyen yon plas oswa pou yo kouri oswa pou ede yon lòt konkiran.
Èd: Yo pa pèmèt moun k ap kouri ki pa ofisyèl yo oswa lòt patisipan ki pa anrejistre sou pakou a, ni yo pa pèmèt yo pou yo bay èd. Yon patisipan ki resevwa èd pandan yon evènman nan men yon moun ki pa pèsonèl medikal ofisyèl la ap diskalifye.
Limit Tan: Pou rezon sekirite epi pou pèmèt lari a ak pak yo pou yo re-ouvri a lè, pakou kous yo ap rete ouvri pou tout patisipan yo, dapre lè kous la ap fini an ki pibliye sou paj endividyèl kous la. Patisipan ki pa ka konplete kous la anvan lè lap fini a dwe konsyan ke estasyon likid ak lòt enstalasyon kous yo ka pa disponib. Moun ki responsab evènman yo ka mande patisipan nan kous ki fèt nan lari vil Nouyòk yo pou yo deplase sou twotwa yo oswa pou yo monte nan bis ki pase pran moun ki pa fini kous la. Patisipan nan bis sa a pa ka franchi liy arive a.
Fen An
Patisipan ki an reta pa garanti pou yo konte tan yo ni pou yo anrejistre yo tankou moun ki te fini ofisyèlman, men yo ka kontakte ekip nou an ki konte pwen yo pou yo mande rekonesans pou kous la.
Objè ki Entèdi
Objè sa yo entèdi nan tout evènman ak enstalasyon kous NYRR yo:
• Tout kalite zam, tankou zam fe, kouto, mas, eks.
• Objè danjre oswa objè ki gen doub itilizasyon ki ka danjre, tankou mato, si, objè pwenti, parapli, poto, baton, eks.
• Likid enflamab, ayewozòl, gaz, pwodui chimik toksik, ak eksplozif
• Gwo pakè, iglou, tant ak “lean-to”
• Edredon, sak kouchaj ak gwo dra oswa kouvèti
• Bwason alkolik ak nenpòt ki kalite sistans ilegal
• Aparèy ayeryen ki pa gen pilòt, dwonn, balon obsèvasyon, minikoptè fotografi ak nenpòt ki aparèy ki vole ak yon switch lumen/etenn
• Sachè pou fatra ki opak ak nenpòt lòt sachè plastik ki pa transparan (Nou pèmèt sachè fatra ki transparan.)
• Bèt/zannimo domestik (sof zannimo sèvis ki ede moun ki gen yon andikap)
• Chèz ki ka pliye, chèz kan, ak nenpòt ki kalite tab
• Resipyan an vè
• Resipyan likid pi pi gwo ke yon lit
• Konpoze chimik oswa ajan biyolojik ki ta ka toksik
• Pousèt
• Sakado, valiz, sak ki gen woulèt oswa nenpòt lòt valiz sanblab ki pa sak kontwòl transparan NYRR a
• Camelbaks® ak nenpòt lòt sakado pou idratasyon (nou pèmèt sentiron alimantasyon ak boutèy dlo ou pote nan men w)
• Vès ki gen pwa ak nenpòt ki vès ki gen plizyè pòch, espesyalman sa ou ka itilize tankou yon rezèvwa dlo
• Kostim ki kouvri figi w ak nenpòt rad ki ankonbran ki pi gwo pase perimèt kò ou (Nou pèmèt rad ki ajiste ak fòm kò ou.)
• Akseswa, poto drapo, ekipman spò, ekipman militè ak dife, ak afich ki pi gwo pase 11”x17”
• Baton pou fè “selfie” ak nenpòt ki monti oswa platfòm ki pa kole dirèkteman sou tèt oswa tòs ou
Vyolasyon Règ Konpetisyon yo
Tout vyolasyon Règ Konpetisyon ap rapòte bay Komite Règ NYRR a ki ap revize enfraksyon an epi detèmine yon rezolisyon. L’ap pran an konsiderasyon tout faktè ak sikonstans ki pètinan.
Patisipan an ap resevwa yon avi ekri sou detèminasyon Komite Règ NYRR la. Nenpòt ki enfòmasyon ki ta endike ke Komite Règ NYRR a ta dwe pran yon lòt desizyon, ou dwe remèt li nan sèt jou apati dat premye avi a.
Penalite
Penalite sa yo se yon gid sèlman. Komite Règ la rezève dwa pou li konsidere tout fè ak sikonstans, ansanm avèk ofans ki repetitif, epi pou li aplike penalite ki apwopriye dapre sèl kritè pa li.
Pa franchi tout pwen kontwòl ofisyèl /koupaj pakou a: Sa ka gen kòm rezilta diskalifikasyon nan rezilta ofisyèl yo, entèdiksyon pou al nan pwochen evènman NYRR yo pou jiska yon lane oswa entèdiksyon pou evènman lane pwochèn nan.
Transfè yon nimewo kous oswa bib: Nenpòt moun nou ta jwenn ki te repwodui, kopye, modifye, transfere, achte oswa vann yon nimewo oswa bib (oswa te eseye nenpòt nan aksyon sa yo) pou yon evènman NYRR, ki te pèmèt yon lòt endividi pou li pote nimewo kous oswa bib yo te ba li a, oswa ki te pote yon nimewo kous oswa bib NYRR la pat ba yo, ap diskalifye oswa y ap entèdi l ale nan pwoche evènman NYRR yo pou jiska yon lane oswa y’ap entèdi l ale nan evènman lane pwochèn nan.
Èd ki pa otorize: Nenpòt patisipan ki anrejistre ki resevwa èd ki pa otorize ap diskalifye. Sa enkli nenpòt patisipan ki anrejistre ki pèmèt yon moun k ap kouri ki pa anrejistre pou li kouri avèk li pou nenpòt pati nan evènman an.
Konduit ki pa montre Lespri Spòtif: nenpòt moun ki konpòte yo nan yon fason ki pa montre lespri spòtif anvan, pandan oswa apre yon evènman NYRR, ak NYRR RUNCENTER a tou, ka diskalifye oswa yo ka entèdi l patisipe nan pwochen evènman NYRR a.
Enstriksyon Responsab Evènman yo: Nenpòt patisipan ki refize suiv enstriksyon yon evènman ofisyèl ka diskalifye.
Fè Pipi/Poupou an Piblik: Nenpòt patisipan ki anrejistre ki fè pipi ak/oswa poupou an piblik ap diskalifye.
Lòt vyolasyon: An plis de vyolasyon ki souliyen anwo yo, Komite Règ yo ka evalye penalite pou nenpòt lòt vyolasyon ki pa espesifye nan Règ Konpetisyon sa yo dapre fè ak sikonstans ki pètinan.
Y’ap retire moun ki diskalifye nan yon kous nan rezilta kous la e yo ka entèdi yo patisipe nan pwochen evènman NYRR a. NYRR rezève dwa pou li rejte nenpòt ki antre oswa pou diskalifye epi bloke nenpòt moun pou yo pa antre nan yon evènman NYRR. Rejè/diskalifikasyon sa a ka fonde sou vyolasyon règ nou te mansyone anwo a, men li ka fonde sou lòt bagay tou.
Lòt Règ pou Patisipan ki se Atlèt ki gen Andikap (“AWD”)
Lòt Règ Sekirite pou Patisipan ki itilize yon Bisiklèt yo fè Mache ak Men yo:
Nenpòt patisipan ki itilize yon bisiklèt li fè mache ak men l dwe toujou gen yon kas pandan li sou bisiklèt li fè mache ak men li a.
Nenpòt patisipan ki itilize yon bisiklèt li fè mache ak men l dwe gen yon drapo oranj sou yon baton fleksib ki mezire 5’-6 ki toujou kole sou bisiklèt li fè mache ak men l lan ak yon sipò pandan pakou evènman an.
Nenpòt patisipan ki itilize yon bisiklèt li fè mache ak men l dwe toujou rete o mwen 25 mèt dèyè machin k ap bay ritm lan.
Bisiklèt ou fè mache ak men w ki gen motè oswa pedal pa pèmi. Patisipan yo pa ka itilize okenn angrenaj, manivèl, oswa ekipman bisiklèt ki mache ak chèn an plis, tankou bisiklèt ou fè mache ak pye w, trisik oswa bisiklèt.
Enfòmasyon An Plis pou Patisipan ki itilize Chèz Woulant “Pushrim”:
Nenpòt patisipan ki itilize yon chèz woulant “pushrim” dwe toujou gen yon kas pandan li nan chèz woulant kous la.
<