Creole Code of Conduct
KÒD KONDUIT
Kous
Nan tout evènman New York Road Runners (“NYRR”) yo, patisipan yo dwe konpòte yo yon fason koutwa, respekte tout patisipan, volontè, staf evènman, espektatè ak manm kominote yo, epi suiv Règ Konpetisyon yo. Nou espere bon etikèt kous a tou moman, sa enkli rete konsyan de antouraj ou epi de anons ak enstriksyon moun ki responsab evènman yo.
Konduit Antispòtif
Moun k ap kouri yo pa dwe angaje nan move konpòtman vèbal oswa nan aksyon ki abizif, pwovokan, ensiltan oswa ofansif, menm si li pa rantre nan entèdiskyon yo dekri nan Règ Konpetisyon NYRR yo.
Moun k ap kouri yo dwe fè silans pou demontre respè pandan anons avan kous la epi pandan y ap jwe im nasyonal la.
Kòmansman
Tanpri bay tèt ou ase tan pou w al pran nimewo pou kous pa w la epi antre nan gwoup ou a. Antre sèlman nan gwoup kote yo mete w la.
Ekoutè
Nou pa ankouraje itilizasyon ekoutè ditou ditou. Si ou deside itilize ekoutè, tanpri asire w ke ou ka tande tout anons yo epi rete konsyan de antouraj ou, ansanm avèk lòt patisipan.
Aparèy Pòtab
Nou pa ankouraje itilizasyon aparèy pòtab pandan wap patisipe nan yon evènman ditou ditou si se pa pou ou suiv kous ou a oswa pou itilize yo apre evènman an.
Koutwazi nan Kous
Fòmasyon. Pa kouri an gwoup twa moun oswa plis youn sou kote lòt. Gwo gwoup vin tounen baryè pou lòt moun k ap kouri yo.
Depase. Di lè w ap depase yon moun k ap kouri epi kite lòt moun pase tou. Si yon moun k ap kouri dèyè w di “Sou men goch ou,” deplase sou men dwat ou pou kite moun k ap kouri a pase. Si yon moun di “Sou men dwat ou,” deplase sou men goch ou.
Kanpe. Pa kanpe sibitman. Si ou kanpe pou ou bwè nan yon estatyon èd, pran dlo nan pwen ki pi elwaye sou tab lan oswa lan liy lan pou ou ka evite ankonbreman epi kontinye mache an avan. Si ou bezwen mare lasèt ou, deplase sou kote kous la.
Krache. Fè atansyon lè ou krache epi mouche nen w pou evite frape lòt patisipan.
Ede. Si ou rankontre yon moun k ap kouri ki an detrès, ofri èd epi/oswa rapòte sitiyasyon an bay estasyon èd, responsab evènman ki pi pre a oswa bay liy ijans medical la 866-705-6626.
Twalèt Pòtab
Tanpri gen konsiderasyon lè ou nan liy twalèt yo. Pa koupe liy lan oswa ale nan mitan yon lòt liy. Respekte lòt moun ki pral itilize twalèt yo apre w. Fè pipi oswa poupou nan koral yo, pandan ti mache ou fè lè ou fin rive a oswa nan bwa yo, pa sèlman enpoli, men se yon vyolasyon Règ Konpetisyon NYRR yo epi ou riske diskalifye si w gen konpòtman sa yo.
Rad pou Kous
Nou pa ankouraje patisipan gason pou yo kouri san mayo ditou ditou, epi/oswa pou yo retire mayo yo pandan kous la.
Fatra
Tanpri depoze tout fatra nan resipyan yo bay yo, sa valab pou estasyon èd yo tou. Lè w ap jete kèp nan estasyon èd yo, fè atansyon pou w pa frape lòt patisipan.
Bagay ki Pèdi ak Bagay yo Jwenn
Si ou jwenn yon bagay pandan oswa apre evènman an, tanpri al pote l nan tant staf NYRR la oswa bay yon responsab evènman NYRR la. NYRR ap fè tout sa l kapab pou li fè bagay sa yo disponib pou pase pran yo jou apre a nan NYRR RUNCENTER a, ki sitiye nan 320 West 57th Street. Yap kenbe bagay yo pou 30 jou epi yap jete yo si mèt yo pa reklame yo.